Aba move trètman pwofesè ap sibi /piblik ou prive
Nou menm pwofesè ki nan kat kwen peyi Dayiti nou konstate:
- Pwofesè pa gen okenn valè nan je otorite yo(minis edikasyon an,premye minis lan,ak prezidan)
- Plis pase 8mil dosye pwofesè ak pèsonèl edikasyon an(aryere salè ak pèman pbloke nan ministè finans)
- Pa gen okenn efò ki fè pou pwofesè kap travay nan lekol prive a pou jwenn sibvansyon ke prezidan te di lap ba yo a
- Gen anpil anseyan ki nan sal de klas kap tann lèt nominasyon yo.
- Dola ameriken an vo104goud e yon pwofesè ap touche 10mil goud sa vle di chak mwa salè yon pwofesè pa vo 100dola meriken
- Pa gen okenn avantaj sosyal pou pwofesè kap travay nan sektè piblik la nan kat kwen peyi a
Nan sans sa nap mande prese prese:
- Pou otorite yo pran tout dispozisyon pou bay pwofesè lekol piblik yo sibvansyon an
- Pase ministè finans lòd pou peye tout aryere salè ak peye pwofesè ki gen lèt nominasyon nan men yo
- Bay pwofesè yon salè de baz de 75mil goud
- Bay chak pwofesè yon tikat 10mil goud kòm frè
- Valorize eksperyans ak konpetans nan administrasyon piblik la
Soutyen ak tout pwofesè nan kat kwen peyi a Contacter l'auteur de la pétition
Annonce de l'administrateur de ce siteNous avons fermé cette pétition et nous avons supprimé les informations personnelles des signataires.Le règlement général sur la protection des données de l'Union européenne ( RGPD) exige que le stockage des informations personnelles soit motivé par une raison légitime et que ces informations soient conservées le moins longtemps possible. |